Kouman pou w Jwenn èd

Americans for Immigrant Justice LUCHA Program

Kouman pou w Jwenn èd

Si oumenm oswa yon moun ou konnen an danje imedya, tanpri rele 911.

Nou ofri sèvis legal sou imigrasyon gratis e konfidansyèl pou sivivan vyolans domestik, atak seksyèl, ak trafik imen. Pou asistans legal, tanpri rele biwo prensipal nou an nan 305-573-1106 ext. 1400 oswa imèl nou nan [email protected].

Si ou se yon sivivan e w bezwen planifye imedyatman pou sekirite w, lojman w oswa lòt asistans, tanpri rele youn nan resous swivan yo pou asistans 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn:

Liy Dirèk pou Vyolans Domestik nan Laflorid (Pou Tout Eta a)
Nimewo Telefòn: 1-800-500-1119
TDD: 1-800-621-4202

Sant Resous Nasyonal pou Trafik Imen (Liy Dirèk Nasyonal)
Nimewo Telefòn: 1-888-373-7888

Pou resous adisyonèl, tanpri vizite Sant Asistans Kowòdone pou Viktim (Coordinated Victim’s Assistance Center, CVAC) sou sit entènèt nou oswa biwo nou an. Biwo CVAC louvri de 8:00 am – 5:00 pm de lendi jiska vandredi.

Sant Asistans Kowòdone pou Viktim (CVAC)
305-285-5900
2400 South Dixie Hwy
Miami, Florida 33133

Kontakte nou pou kòmanse jwenn èd ou bezwen an

Intake Form (Kreyól)

Enfòmasyon pou Kontakte w



Enfòmasyon pou Kontakte Aplikan an


Americans for Immigrant Justice LUCHA Program

Americans for Immigrant Justice Needs Your Support

We need your support to continue championing the rights of unaccompanied immigrant children; advocating for survivors of trafficking and domestic violence; serving as a watchdog on immigration detention practices and policies; fighting to keep families informed, empowered and together; and pursuing redress on behalf of immigrant groups with particular and compelling claims to justice.

Enskri jodi a pou w resevwa nouvèl ki resan de Americans for Immigrant Justice.