Pwogram Legal pou Timoun

Americans for Immigrant Justice Children's Legal Program

Pwogram Legal pou Timoun

Pwogram Legal pou Timoun AI Justice ofri sèvis legal gratis pou timoun imigran, anpil nan ti moun sa yo te soufri abi, abandònman, oswa neglijans. Menmsi timoun sa yo te maltrete nan peyi dorijin yo, pandan vwayaj difisil pou rive Etazini, owsa lè yo rive nan peyi isit, anplwaye AI Justice yo angaje pou ede yo navige chemen konplèks pou jwenn sekirite ak jistis.

Malgre jenn aj yo e chòk yo te souvan andire, timoun imigran yo pa gen dwa a asistans legal gratis. Si se pa t pou Pwogram Legal pou Timoun nou an, dè milye timoun ta oblije navige sistèm konplike Tribinal Adolesan e Familyal Leta a, Tribinal Imigrasyon ak Biwo pou Azil sèl.

AI Justice se sèl òganizasyon ki otorize pou ofri sèvis legal a timoun ki an detansyon nan yon abri lokal konsènan dwa debaz yo ak evalye ka yo pou idantifye kilès ki elijib pou sekou kont depòtasyon. Ekip la sèvi timoun imigran ki pa an detansyon e k ap viv nan kominote nou an avèk yon paran oswa gadyen legal ak timoun ki nan swen adoptif. Anplwaye yo te an premye nan efò pou reyini fanmi yo pandan kriz kote yo te separe fanmi.

Genyen aksè a yon avoka literalman se yon kesyon de lavi ou lanmò pou anpil timoun nan pwosedi legal imigrasyon, piske yo depòte 9 sou 10 timoun ki pa gen reprezantasyon, tounen nan danje yo t ap sove kite a, pandan ke timoun ki gen avoka gen 5 fwa plis chans resevwa pwoteksyon. Se poutèt sa, apa de travay regilye anplwaye yo fè ak kliyan, avoka nou yo parèt kòm zanmi tribinal la pou konseye timoun ki vin devan jij san reprezantasyon.

Sa anplwaye obsève nan travay yo ak sa yo tande de jenn kliyan yo enfòme règleman ajans etabli ak inisyativ pou defans. Anplwaye yo te jwe yon wòl kritik ki enfliyanse lwa yo, pa egzanp Lwa pou Reotorize Pwoteksyon Viktim Trafik, epi yo edike lidè nasyon nou an konsènan pwoblèm kritik ki afekte timoun ki imigran atravè temwayaj devan kongrè a ak rapò inovatif.

The Children's Trust Logo

Se Children’s Trust ki finanse yon pati nan Pwogram Legal pou Timoun. Children’s Trust se yon sous finansman elektè Miyami-Dade te kreye nan yon referandòm. Finansman sa a dedye pou pwogram k’ap amelyore lavi ti moun ak fanmi yo.

Mother and Son | Americans for Immigrant Justice Children's Legal Program

Americans for Immigrant Justice Needs Your Support

We need your support to continue championing the rights of unaccompanied immigrant children; advocating for survivors of trafficking and domestic violence; serving as a watchdog on immigration detention practices and policies; fighting to keep families informed, empowered and together; and pursuing redress on behalf of immigrant groups with particular and compelling claims to justice.

Enskri jodi a pou w resevwa nouvèl ki resan de Americans for Immigrant Justice.