Pwogram Detansyon

AI Justice Detention Program

Pwogram Detansyon

Pwogram detansyon AI Justice vizite lokal detansyon yo regilyèman pou obsève kondisyon, fè prezantasyon Know Your Rights, ofri konsèy legal gratis, epi reprezante kliyan devan tribinal imigrasyon e Immigration and Customs Enforcement (ICE). Ant le fè ke anpil lokal detansyon byen lwen, epi restriksyon yo sevè, lè yon moun nan detansyon se yon eksperyans ki fè yo santi yo trè izole. Imigran ki nan detansyon oblije peye frè egzòbitan pou fè apèl telefonik epi yo pa gen anpil kontwòl sou vi prive yo oswa ki kote yo ale ak ki lè yo sòti. Faktè sa yo fè ke li prèske enposib pou reyini ak yon avoka, ak sèlman 14% nan imigran ki an detansyon rapòte ke yo gen aksè a yon avoka.

Aksè a yon avoka se yon faktè kritik pou detèmine chans pou yon moun ki nan detansyon lage oswa pou yo resevwa soulajman de imigrasyon. Imigran an detansyon ki gen reprezantasyon legal gen kat fwa plis chans pou yo lage yo, ke imigran ki pa gen reprezantasyon. Risk la trè wo pou imigran nan detansyon, piske lè yo pase anpil tan nan detansyon sa pa sèlman anpeche yo gen aksè a jistis ki egal dapre lalwa, an plis sa lakòz ke sante ak sekirite finansye yo ak fanmi yo afekte pandan lotan.

Ekip Detansyon nou an ede imigran sòti nan detansyon e goumen pou yo pa depòte yo, konsa yo kapab reyini avèk fanmi ak kominote yo. Malgre tout moun ki nan detansyon imigrasyon akize de yon ofans sivil sèlman, yo trete imigran yo tankou kriminèl e yo sijè a de kondisyon inimen kòm si yo te nan prizon. Anpil kliyan nou yo ki nan detansyon gen koneksyon pwofon avèk kominote a, e detansyon yo koze yon mal ènom pou fanmi ak kominote sid Laflorid la. Adisyonèlman, anpil nan moun ke n ap ede yo, te deja fè eksperyans chokan ki chanje lavi yo anvan e pandan yo nan detansyon, e yo pa kapab resevwa sipò ki akseptab pou sa, pandan yo sou responsabilite ICE.

Detansyon Danjere. Kòmanse ak mank aksè a swen sante ak ijyèn, a ankonbreman nan sant yo e yon izaj de fòs egzajere, kondisyon nan sant detansyon yo denigre ak mete moun ki nan detansyon an danje. Adisyonèlman a risk sante ak sekirite ki trè serye, yo refize imigran nan detansyon libète yo, tankou libète pou pratike relijyon yo ak dwa pwosesis legal. Se poutèt sa Pwogram Detansyon nou an pa sèlman konbat pou lage moun ki sou responsabilite ICE, men nou defye pwoblèm sistemik e pèsistan yo ki yon malediksyon sou pratik detansyon imigrasyon an jeneral.

AI Justice's Detention Program

Americans for Immigrant Justice Needs Your Support

We need your support to continue championing the rights of unaccompanied immigrant children; advocating for survivors of trafficking and domestic violence; serving as a watchdog on immigration detention practices and policies; fighting to keep families informed, empowered and together; and pursuing redress on behalf of immigrant groups with particular and compelling claims to justice.

Enskri jodi a pou w resevwa nouvèl ki resan de Americans for Immigrant Justice.