Pwogram

Americans for Immigrant Justice Programs

Pwogram Americans for Immigrant Justice

Americans for Immigrant Justice se yon kabinè avoka ki pa fè pwofi e ki resevwa pri, k ap goumen pou jistis pou imigran, atravè yon konbinezon de litij ki gen enpak, reprezantasyon dirèk, defans e kominikasyon.

Sou yon nivo nasyonal e nan Laflorid, AI Justice se chanpyon nan dwa timoun imigran ki pa akonpaye; defansè pou sivivan trafik imen ak vyolans domestik; sèvi kòm yon gadyen sou pratik ak règleman detansyon nan imigrasyon; goumen pou kenbe fanmi yo enfòme, ba yo pouvwa ak kenbe yo ansanm; e pouswiv reparasyon anfavè gwoup imigran ki gen yon reklamasyon patikilye e konvenkan pou jistis.

Desann pou revize tout pwogram nou yo, oswa klike sou youn nan atik swivan yo pou ale dirèk nan yon pwogram.

Pwogram Defans Familyal

Pwogram Defans Familyal (Family Defense Program, FDP) bay pouvwa ak enfòme fanmi ki gen estati varye ak rezidan ki isit lontan ke lavni yo enseten akòz ewozyon pwoteksyon pou Dreamers, moun ki resevwa TPS, ak imigran an jeneral.

Avèk konbinezon inik li de kominike ak kominote a e reprezantasyon dirèk, anplwaye FDP goumen pou kenbe fanmi Laflorid yo an sekirite e ansanm.

Pwogram Vyolans Domestik & Trafik Imen (Lucha)

Ekip Lucha AI Justice la reprezante imigran ki siviv trafik imen, atak seksyèl, ak vyolans domestik. Si abi a ap fèt lakay ou oswa nan travay ou, anplwaye Lucha travay rapidman ak avèk konpasyon pou ede sivivan ak pitit yo libere tèt yo de vyolans ak move tretman.

Atravè asistans legal gratis, anplwaye yo ede sivivan yo jwenn asistans de imigrasyon, ki yon premye etap enpòtan sou wout pou bati yon vi an sekirite, endepandan, ak finansyèman estab.

Pwogram Legal pou Timoun

Pwogram Legal pou Timoun AI Justice ofri sèvis legal gratis pou timoun imigran, anpil nan ti moun sa yo te soufri abi, abandònman, oswa neglijans.

Menmsi timoun sa yo te maltrete nan peyi dorijin yo, pandan vwayaj difisil pou rive Etazini, owsa lè yo rive nan peyi isit, anplwaye AI Justice yo angaje pou ede yo navige chemen konplèks pou jwenn sekirite ak jistis.

Pwogram Detansyon

Pwogram detansyon AI Justice vizite lokal detansyon yo regilyèman pou obsève kondisyon, fè prezantasyon Know Your Rights, ofri konsèy legal gratis, epi reprezante kliyan devan tribinal imigrasyon e Immigration and Customs Enforcement (ICE).

Ant le fè ke anpil lokal detansyon byen lwen, epi restriksyon yo sevè, lè yon moun nan detansyon se yon eksperyans ki fè yo santi yo trè izole. Imigran ki nan detansyon oblije peye frè egzòbitan pou fè apèl telefonik epi yo pa gen anpil kontwòl sou vi prive yo oswa ki kote yo ale ak ki lè yo sòti. Faktè sa yo fè ke li prèske enposib pou reyini ak yon avoka, ak sèlman 14% nan imigran ki an detansyon rapòte ke yo gen aksè a yon avoka.

Pwogram Litij Jij Rosemary Barkett

Pandan plizyè ane, anplwaye yo te genyen dè douzèn ka ki defye règleman enjis imigrasyon e ki te oblije gouvènman an devwale enfòmasyon kle pou refòme sistèm imigrasyon an ki andomaje.

Kèlkeswa si y ap defye detansyon ilegal imigran oswa kondisyon ki pa imen nan lokal ICE yo, asiyen gouvènman nou an paske li enjisteman prive imigran sitwayente, oswa pèsyade gouvènman nou an devwale enfòmasyon kle nan demann ke nou fè atravè Lwa Libète pou Enfòmasyon (Freedom of Information Act, FOIA), ekip litij AI Justice detèmine travay pou yo soutni dwa fondamantal imigran malgre defi yo.