Pwogram Vyolans Domestik & Trafik Imen (Lucha)

Americans for Immigrant Justice LUCHA Program

Pwogram Vyolans Domestik & Trafik Imen (Lucha)

Ekip Lucha AI Justice la reprezante imigran ki siviv trafik imen, atak seksyèl, ak vyolans domestik. Si abi a ap fèt lakay ou oswa nan travay ou, anplwaye Lucha travay rapidman ak avèk konpasyon pou ede sivivan ak pitit yo libere tèt yo de vyolans ak move tretman. Anplwaye yo kolabore avèk patnè nan lapolis ak òganizasyon sèvis sosyal pou asire ke sivivan yo gen aksè a resous yo bezwen pou yo ka prospere – de sipò legal a asistans pou lojman e asistans pou jwenn travay.

San yon estati de imigrasyon yon sivivan pa ka travay, louvri yon kont labank, oswa pran yon lisans chofè nan Laflorid, ki fè li prèske enposib pou yo kite moun ki ap esplwate yo a. Atravè asistans legal gratis, anplwaye yo ede sivivan yo jwenn asistans de imigrasyon, ki yon premye etap enpòtan sou wout pou bati yon vi an sekirite, endepandan, ak finansyèman estab.

Travay Lucha fè ede entewonp sik de povrete, vyolans ak eksplwatasyon paske yo kreye yon fiti ki meyè pou sivivan ak pitit yo. Se pa sèlman moun ki dirèkteman afekte yo ki pi an sekirite lè yo kapab rapòte abi yo fè yo, men tout kominote a pi an sekirite lè fanmi imigran konnen gen èd ki disponib epi yo p ap arete oubyen separe yo, si yo rapòte yon krim ki fèt kont yo.

Ekip Lucha a konfwonte defi sivivan imigran yo rankontre nan yon konbinezon de sèvis dirèk ak defans sistemik. Anplwaye yo jwe yon wòl enpòtan nan edike lapolis ak lòt ajans gouvènmantal lokal, leta, ak a nivo nasyonal sou kijan pou yo efektivman sipòte imigran ki siviv abi ak trafik imen.

Americans for Immigrant Justice LUCHA Program

Americans for Immigrant Justice Needs Your Support

We need your support to continue championing the rights of unaccompanied immigrant children; advocating for survivors of trafficking and domestic violence; serving as a watchdog on immigration detention practices and policies; fighting to keep families informed, empowered and together; and pursuing redress on behalf of immigrant groups with particular and compelling claims to justice.

Enskri jodi a pou w resevwa nouvèl ki resan de Americans for Immigrant Justice.