Pwogram Defans Familyal

American Immigrants for Justice's Family Defense Program

Pwogram Defans Familyal

Pwogram Defans Familyal (Family Defense Program, FDP) bay pouvwa ak enfòme fanmi ki gen estati varye ak rezidan ki isit lontan ke lavni yo enseten akòz ewozyon pwoteksyon pou Dreamers, moun ki resevwa TPS, ak imigran an jeneral.

Avèk konbinezon inik li de kominike ak kominote a e reprezantasyon dirèk, anplwaye FDP goumen pou kenbe fanmi Laflorid yo an sekirite e ansanm.

Atravè klinik ki evalye bezwen legal ak prezantasyon Know Your Rights, ekip FDP kreye yon pon ant aksè a sèvis legal e elimine move enfòmasyon ki toupatou. Anplwaye ak volontè FDP ale nan tout kominote Sid Laflorid pou imigran yo ka resevwa asistans legal endividyèl san yo pa bezwen vwayaje long distans, pèdi lè nan travay yo oswa oblije fè aranjman pou gadri.

Avèk èd rezo avoka ak entèprèt ki travay pro bono, anplwaye nou yo sèvi dè milye imigran, ki souvan ede yo sou chemen pou yo gen rezidans pèmanan ak sitwayente atravè reprezantasyon dirèk.

Menm moun ki pa elijib pou soulajman konsènan imigrasyon anba lwa aktyèl yo resevwa enfòmasyon kritik sou jan pou pwoteje tèt yo kont fwòd, pi byen konprann dwa yo, epi pou siveye chanjman règleman ki kapab enpakte ka yo pou soulajman.

Family Defense Program

Americans for Immigrant Justice Needs Your Support

We need your support to continue championing the rights of unaccompanied immigrant children; advocating for survivors of trafficking and domestic violence; serving as a watchdog on immigration detention practices and policies; fighting to keep families informed, empowered and together; and pursuing redress on behalf of immigrant groups with particular and compelling claims to justice.

Enskri jodi a pou w resevwa nouvèl ki resan de Americans for Immigrant Justice.